STAR O+ - DYNASTY HAITI ENTERTAINMENT
Transcription
STAR O+ - DYNASTY HAITI ENTERTAINMENT
TI JOUNAL STAR O+ t STAR O+ No-0001 VENDREDI 25 AVRIL 2014 CARIMI TRANBLE ZENITH, YON GWO PA POU KONPA . CArlo RIchard MIchael Si nou ta di n’ap pran premye silab nan chak non sa yo l’ap bay egzakteman CARIMI younn nan pi gwo gwoup konpa ayisyen apre Tabou Combo, Septentrional, T-Vice ak anpil lot anko ki toujou leve drapo ble e wouj la tout kote yo pase nan mond lan. Apre soti album Invasion, ki te vann a plis pase 700 000 CD, ki gen kèk mizik kap mache timidman an Ayiti, 12 Avril ki sot pase, nan lakou Zenith nan vil Paris nan peyi Lafrans anpil moun te reyini pou asiste a gwo kokennchenn konsè sa ke CARIMI tap ofri a kek envite tankou : Izolan , MikaBen Admiral T, Phany J . Malgre tout pwoblem sosyal , politik ak ekonomik ke Ayiti ap fe fas nan denye tan sa yo, yon lot fwa, atis nou yo akoz Drapo Ble e Wouj la tap flote byen wo nan tè Francois Hollande lan. CARIMI montre yon lot fwa anko ke yo gen plas yo nan Biznis Mizik Ayisyen an e yo pa janm rate yon okazyon pou voye monte kilti lakay. Kevin Auguste Pensée de la semaine C’est souvent dans nos propres erreurs qu’on puise nos meilleures leçons de vie. DYNASTY HAITI ENTERTAINMENT Travailler pour l'Industrie De la Musique Haïtienne WWW.DYNASTYHAITI.COM STAR O+, YON TI JOUNAL SOU WWW.DYNASTYHAITI.COM Editorial WÒL ENTÈNÈT NAN BIZNIS MIZIKAL AYISYEN AN Anpil moun ka konstate ke mizik nan Peyi Ayiti depi kèk lane komanse gen yon lòt vizaj. Lontan atis la konnen pou l fè kob pat gen lot chwa ke fè yon album oubyen fè oubyen patisipe nan yon pwogram. Men sa fè kèk lane , atis nou yo komanse pran trè serye zouti yo rele entènet la. Li te difisil anpil pou w te jwenn yon atis siw pat gen numewol oubyen wè l fas a fas nan 10 lane ki sot pase yo. Men koulye a gras a rezo sosyal yo ki sou entènet koneksyon an fèt fasil ant pwomotè ak atis yo. Li trè fasil pou w konnen tout nouvèl sou mizik nan peyi Dayiti sèlman nan yon klik tout enfomasyon gentan rive jwenn ou. Men eske moun ki nan Biznis Mizik nan peyi Dayiti itilize entenèt la nan tout sans li? Konbyen atis ki rive fè kòb ak mizik li sou entenèt ? eske gwoup nou yo reprezante vreman sou entènet ? antouka nou lwen toujou nan bato teknolojik la. Si nou ta rive fè konfyans ak zouti yo rele entènet la, nou tap we konbyen enpòtan e ki kote nou tap gentan ye sou balans entènasyonal la. Eske entènet la ka rezoud pwoblèm estriktiral ki gen nan Biznis Mizik nan peyi Dayiti? Eske yon jou nou ka gen anpil moun ki rive milyonè gras a mizik yo ke yo rive vann sou entènet? Wi nou ka rive chanje bagay yo ak zouti sa yo rele entènet la men pou sa fèt fòk gen plis moun ki kalifye nan biznis mizik la, fok gen plis koneksyon ant pwodiktè yo ak moun kap konsome mizik pa nou an epi fòk nou rive mete plis estrikti nan fason nap rive vann sa nou gen kòm pwodwi nan endistri Mizikal Ayisyen an. JM Wilson Herchris ALAN CAVE SORT SON DERNIER ALBUM « TIMELESS » Timeless c’est le titre tant attendu du dernier album de Georges Alan Cave plus connu sous le nom « Alan Cave » qui est disponible depuis le Samedi 19 Avril 2014 dans les disquaires et en ligne. L’album Timeless est imprimé sur deux CD Volume 1 et Volume 2 sous la production de AC Records, Son propre label. Le premier test-pressing a été diffusé au mi 2013 intitulé Grave Sou kèm. A la fin de l’année 2013, il a diffusé son deuxième testpressing titré Néné le dernier projet en date du chouchou du compas love. Alan Cavé un bon et vrai scénariste et producteur depuis d’une décennie. Il a fait une grande impression sur la scène de la musique Caribéenne, on le Reconnait comme l’un des musiciens les plus créatifs et les plus influents de sa génération. Alan Cavé a enregistré plusieurs album avec le groupe ZIN dont 2 STAR O+ No-0001 « O Pa en 1988 » et « Kanpe Sou Yon lòt Bit en 1999 » il a participé sur les albums des grands ténors du Zouk entre eux 1999 et 2000 En solo il a enregistré comme album : Se pa pou dat (2001) Collabo (2005) De la tête aux pieds (2007) Kevin Auguste STAR O+, YON TI JOUNAL SOU WWW.DYNASTYHAITI.COM KREYOL LA AN MOUVMAN…, SAN ANSYTO YO AK ALEXIS VLADIMIR Nan sousi pou enfomasyon an pat pase pou pwason davril, 2 Avril ki sot pase a, Hantz Fred Mercier (Ti-Ansyto) ak Vladimir Alexis te deside bay demisyon yo nan gwoup la. Aprè 9 ane siksè, Ansyto Mercier pap ka kontinye akòz ti pwoblèm sante. 15 Avril ki sot pase a, nan yon lèt tou ouvri bay « La Presse », manadjè Kreyòl La, Jeff Jean Pierre, te fè konnen kote gwoup la, aprè patisipasyon li nan Jounen Mondyal Jèn yo kite fèt nan lokal « Saint-Louis » di ke gwoup la ap kontinye onore kontra li yo. Li kontinye tou poul di , ke yo fek entegre 2 nouvo mizisyen nan djaz la. Magloire Wilkenson (Joe) ki se ansye batè RAM ki ranplase Vladimir Alexis, Fenelon Dady Jr (Bouzi) ansyen mizisyen FASIL ki ranplas Ti-Ansyto. Pòtoprens, Madi, 15 avril 2014 Nòt Laprès pou Kreyòl La Kreyòl La ap salye laprès domestik ak entènasyonal. An repons a deklarasyon ansyen maestwo a, Hantz Fred Mercier, Ti Ansyto nan No 1072 Ticket Magazine ki te soti nan dat 12 avril 2014, kote li te di li pap retounen nan Kreyòl La, djaz la deside pou li kontinye avanse, paske li pa ka abandone sipòtè fidèl li yo. Kreyòl La pran opòtinite sa a pou li fè piblik la konnen li ajoute de nouvo mizisyen nan djaz la: Magloire Wilkenson yo rele Joe, ki se ansyen batè gwoup Ram, li pral ranplase Vladimir Alexis; ak Fenelon Dady Jr. oswa Bouzi, yon ansyen mizisyen Fasil ki pral ranplase Hantz Fred Mercier (Ti Ansyto). Kreyòl la ap pwofite pou li anonse medya yo, apre repriz aktivite li yo nan St Louis de Gonzague Samdi 12 avril 2014 la, gwoup la ap kontinye onore kontra li yo an Ayiti ak aletranje, pou li bay melomann yo plezi ak fanatik li yo satisfaksyon. Kòdyalman Jeff Jean Pierre Manadjè 3 STAR O+ No-0001 STAR O+, YON TI JOUNAL SOU WWW.DYNASTYHAITI.COM M PAP FÈ BACK ANKO |TOPPY-X M pap fe back ankò , Pa yon X, men yon nouvo projet de Toppy-X. Kom sa te anonse li te 10 h, ekip www.dynastyhaiti.com lan te deja pran lari pou al kouvri vant siyati « M Pap Fe back Ankò »ki se tit Album Toppy-X la nan lakou Pak Midore nan Delma 33. Apre Anpil Mannèv , enstalasyon enstriman yo, dekorasyon, plas pou yo vann CD ak plas pou atis la te siyen CD yo, Li te deja Midi lè atis la te parèt pou siye premye cd li yo Devan yon piblik ki pat twò rich nan kantite. Piti piti moun ap debake pou achte premye album Toppy x ,atis ki deklare li se “Tèt Mouchwa nwa” . Nap Siyale , nou te remake prezans anpil atis tankou Madmax, Atis Jonas ki nan Tapaje Group ak anpil lot atis ki nan underground mouvman rap la. Te gen anpil animatè ki te la pou sipote atis la. Nap raple piblik ki te prezan an te yon piblk a 90% rap ki te konpoze de mouchwa nwa ak mouchwa ble epi on ti ponyen mouchwa wouj. Kontrèman ak sa anpil moun tap atann, Izolan ke Toppy-X te onore nan Vant siyati denye album li a pat prezante. Selman nou te konstate prezans Gabrielle Dorsonne ak mayo Terapi sou li ki te vin bay soutyen ak Toppy-X nan achte album li a. Nap fe konnen ke nou te remake prezans rapè rockfam nan Atròs ak Manadjè Rockfam nan ki te reprezante Rockfam. Apre preske 5 èd tan ap siye cd, atis la te rantre pou preparel pou Program ki te nan aswè. Malerezman aprè anpil monte desannn, lapli ki te vini san envitasyon , okenn gwoup pat rive jwe , sinon 701 group ki te fè yon kout prestasyon e ki te bay yon cho moto. Nap fè konnen ke selon atis la, preske 2000 cd te rive vann swa 1997 cd. Atis la trè satisfè selon li menm e apresye love fanatik li yo te ba li. JM Wilson Herchris SKANDAL DANS UNE SOIRÉE T-VICE/CARIMI le 19 avril dernier 1500 personnes pour la plupart d’origine haïtienne ont été expulsées de l’Olympia de Montréal, où se tenait un bal animé par le duo T-vice-Carimi qui a dégénéré en bagarre. La police est intervenue et a mis fin à la soirée dans un climat de tension extrême. Selon les premiers témoignages, tout a commencé vers 2h45 dans la nuit de dimanche à lundi lors d’une soirée dansante qui a mal tourné. Le public venait d’assister à la fin de la prestation de T-vice quand une dispute a éclaté entre des groupes rivaux qui n’ont pas été clairement identifiés. Ainsi, la tension est montée et a atteint son paroxysme et a abouti à une bataille rangée généralisée qui n’a fait aucune victime mais les dégâts sont considérables. Toutes les personnes présentes ont alors été expulsées de la salle. Une fois à l’extérieur, deux personnes ont été arrêtées pour avoir commis des méfaits à l’endroit de policiers et sur des voitures de police. Sept autres ont été interpellées pour des contraventions aux règlements municipaux et au code de la sécurité routière. Les personnes qui ont été placées en détention préventive sont accusées d’incitation à la violence, de dommage au patrimoine public et la plupart d’entre eux sont bien connues des services policiers. Cette soirée dansante qui a mal tourné n’est que la goutte d’eau qui a fait déborder le vase car, ce phénomène ne date pas d’hier mais la situation ne semble guère s’améliorer au fil des années et ces agressions gratuites pourraient avoir des conséquences fâcheuses sur la musique dansante urbaine haïtienne qui peine aujourd’hui encore à percer dans le milieu québécois. Guilloteau François, Montréal. hpn 4 STAR O+ No-0001 STAR O+, YON TI JOUNAL SOU WWW.DYNASTYHAITI.COM SAKAPFÈT AYITI? BC - NOU PAP KAPAB ALBUM - JOU PAM ALBUM – RECTO VESO FredHype ak Izolan anonse semen ki sot pase a, ke Barikad Crew gen yon nouvo Track ki pral soti kap rele “Nou Pap Kapab”. Fanatik yo mèt rete tann nan jou kap vini yo . Dimanche kap 27 Avril la, Sou Plas Boyer (PetionVille) se ap vant siyati 2eme « albòm Team Limyè Wouj » la kap gen kom envite MRJ, QueenBe, Matchete, Mirla,… Pri a se 200goud (CD, Poster, Mayo, Bracelet). Map Rape Yo, yon mizik ki soti pou anonse denye albòm BIC Tizon Dife kap gen pou tit Recto-Veso deklare BIC nan emisyon “Plateforme Magik” sou Magik9. TI JOUNAL – STAR O+ Ti Jounal STAR O+ sa a, se yon ti jounal kap soti chak Vandredi sou sit entènèt dynastyhaiti.com Wap kapab li tout jounal la sou sit la, epi wap kapab #Desann li sou òdinatè ou san kè sote. CONSEIL DE LA SEMAINE | TI KONSEY SEMEN NAN LE MONDE DE DEMAIN SERA-T-IL MEILLEUR ? Un orchestre devait donner un grand concert dans une ville. La veille du concert l’un des trombonistes se dit : « Au fond, si je n’y vais pas et si je me fais remplacer par mon concierge tout ira bien que si j’y jouais ma partition ; puisqu’on est trois, un tromboniste de plus ou de moins, ça ne changera pas grand-chose ». Notre musicien prête donc son uniforme et son trombone à son concierge lui demandant d’occuper sa place le lendemain à côte des deux autres trombonistes ; il lui explique qu’il doit attendre que l’orchestre commence à jouer, puis lorsqu’arriveras le tour du trio des trombonistes, qu’il se lève comme les deux autres, qu’il embouche son trombone, mais qu’il n’y souffle pas. Le lendemain, le brave concierge occupe la réservée au tromboniste absent, et il attend impatiemment le moment où il doit tenir son rôle. L’orchestre commence à jouer, l’auditoire est captivé et bientôt arrive le trio des trombonistes. Tous les trois se lèvent, embouchent leur trombone, mais rien ne sort. Pourquoi ? Parce que tous les trois étaient des concierges. On demande toujours pourquoi ça ne va pas, sans jamais examiner si nous-même à jouer son rôle. 5 STAR O+ No-0001 STAR O+, YON TI JOUNAL SOU WWW.DYNASTYHAITI.COM Follow us Dynasty Haiti Entertainment to BBMChannel 6 STAR O+ No-0001
Documents pareils
STAR O+ - DYNASTY HAITI ENTERTAINMENT
HERARD. Li fè etid primè ak segondè l’ nan St-Louis de Gonzague. Aprè sa a, li
rantre nan Faculté de medecine de l’Université d’Etat d’Haïti kote li pase
sèlman yon lane. Fè medsin pat janm entansy...
STAR O+ - DYNASTY HAITI ENTERTAINMENT
plan pwomosyonèl nou yo. Manke medya kap vann vrèman sa nou kilti nou an. E souvan gwoup nou yo pa depanse ase pou
pwomosyon yo sa vin koz , menm si pwodwi a bon men li pran anpil tan avan konsomat...